Home Haiti News Dèlma 48: Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

Dèlma 48: Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

by admin

Dèlma 48: Mouvman pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry

Yon gwoup moun ki gen ladan yo doktè ak pasyan leve kanpe jodi jedi 19 out la pou mande liberasyon jinekològ obtetrisyen Hervé Chéry endividi kidnape madi 17 out la pandan l ap sot travay nan lopital DASH Petyonvil la.

Repòtè Juno7 te konstate kawotchou ki t ap boule pandan mouvman pwotestasyon sa. Sikilasyon an te konplètman bloke devan lopital DASH la nan moman nou t ap ekri atik la.

Lopital DASH nan yon nòt te getan deplore sa okay rive a epi anonse tout 20 klinik li yo ak 8 lopital li yo fèmen depi jodi jedi a. Sof sèvis ijans ak ospitalizasyon kritik ki operasyonèl.

Doktè Hervé Chéry se yon jinekològ obtetrisyen. Nan moman yo kidnape l la se yon sezaryèn li te sot pratike nan lopital DASH Petyonvil la.

N ap raple w tou gen òtopedis Workens Alexandre okay ap travay nan Bernard Mevs ki kidnape yè mèkredi a pandan l kite lakay li pou l te rann li nan lopital Bernard Mevs.

Dekouvri plis:

Deux médecins kidnappés alors que plus de 12 000 blessés du seisme attendent en urgence d’etre soignés



Source link

Related Articles

Leave a Comment