Home Haiti News Petyonvil: Makandal, nouvo chèf gang Bristou a, pran yon bwa kale nan men popilasyon an

Petyonvil: Makandal, nouvo chèf gang Bristou a, pran yon bwa kale nan men popilasyon an

by admin

Petyonvil: Popilasyon an bay chèf gang Makandal yon bwa kale aprè lapolis te fin tiye l

Lapolis mete dòmi nan je Makandal ki se nouvo chèf gang Bristou akolit li t ap eseye enstale nan zòn sila ki sitiye nan komin Petyonvil. Endividi a arive bwè dlo bouch li jodi mèkredi 20 mas la nan echanj kout zam ak lapolis. Aprè li te fin resevwa bal lapolis, popilasyon an pou eksprime kontantman yo te pase l bwa kale ak kèk lòt teworis parèy li.

Nan kèk videyo ak foto ok ap sikile, nou ka remake Makandal ki anba flanm dife popilasyon an. Chèf gang sa daprè dènye enfòmasyon yo te fèt nome pa endividi parèy li pou l te ka gen kontwòl zòn Bristou, Bobin, Pegivil ak lòt zòn ki anviwonnen yo, yon fason pou l te ka gen kontwòl komin Petyonvil la.

Depi m maten, lapolis te oblije mete pye l atè nan komin lan epi te ale afwonte baz gang sa ki t ap eseye enstale. Sa ki te lakoz anpil tire anndan komin Petyonvil ki ta pral paralize anpil aktivite nan zòn sa.

Aprèmidi a, redaksyon Juno7 konfime chèf gang ki pote non Makandal mouri san li pa menm getan jwi enstalasyon l nan Bristou. Popilasyon an boule l epi manifeste kontantman yo tou aprè nouvèl lanmò endividi a ki ta pral pare pou teworize abitan nan Petyonvil.

N ap raple w depi m maten anpil katouch ap tire nan nivo wo Dèlma ak tout Petyonvil. Gen moun ki te oblije deplase pou evite viktim. Se te yon jounen panik pou rive jiska lanmò Makandal ki ale nan peyi san chapo.

Li tou :

Le policier Noël Anel tué par des individus armés à Delmas 72



Source link

Related Articles

Leave a Comment