Home Haiti News Kalvè sitwayen yo anpil anba ponp ki deside bay gaz

Kalvè sitwayen yo anpil anba ponp ki deside bay gaz

by admin

Gwo tèt chaje anba ponp ki deside bay gaz.

Depi anviwon yon semèn sitwayen ki bezwen gazolin pou fonksyone pa ka jwenn li akoz ponp yo ki fèmen oubyen ki gen dyezèl senpman. Pwoblèm sa lakoz anpil tèt chaje nan kapital la ak kèk vil pwovens.

Jodi vandredi 22 oktòb la,  repòtè Juno7 te konstate yon ponp nan zòn metwopolitèn lan ki deside louvri pou bay gaz,  moun te anvayi espas la menm ponpis la gen difikilte pou vann pwodui a. Anpil sitwayen kanpe ak galon jòn, chofè moto se pa pale san konte moun ki nan machin ki riske pase 3èd tan nan liy avan yo ta resi jwenn yon ti gaz.

Si oparavan pwoblèm gaz la te fè resanti l, sitiyasyon an vin plis konplike aprè asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye yo deside kanpe travay depi yè akoz lavi yo, yo estime ki pa an sekirite selon sa yo di. Chofè sa yo plenyen paske bandi ap fè yo menas, vòlè kamyon yo, menm kidnape yo.

Dènye jou sa yo, gaz la vin pi ra, ti kote ki genyen yo monte galon an males wotè kote pri nòmal galon an se 200 goud nan ponp pandan nan enfòmal la pou w jwenn yon galon ou bezwen mil goud. Se rezon depi plizyè  jou chofè moto yo ap mennen yon mouvman bloke lari ki lakoz moun gen difikilte pou sikile. Pa gen pil machin, moun yo ap fè wout lengthy a pye, anpil antrepriz prive kou piblik prèske pa fonksyone jodia.

Sitwayen Candio John-Ford te fè yon ti pale ak jounal la pou eksplike pwoblèm lan jan li afekte li, jèn antreprenè sa ki gen koleksyon ak moto ok ap fè trafik nan lari a fè Juno7 konnen chofè oblije remèt li moto a akoz pwoblèm gaz, li p ap ka onore kontra li gen ak li pou ap peye l chak jou.

Pwoblèm gaz la pa sèlman afekte Candio, gen moun ki pa ka louvri biznis akoz kouran, EDH pa ka bay kouran, moun ki ret lwen pa ka ale travay.

Sa ki kreye fistrasyon lakay popilasyon an. Pandan ke otorite yo anonse ke gaz la dispo nan tèminal yo.

 

Dekouvri plis:

L’Alliance pour la Refondation de la Nation officiellement lancée



Source link

Related Articles

Leave a Comment