Home Haiti News Moun seksyon kominal Sen Jòj bezwen kote pou yo dòmi aprè pasaj tranbleman tè a

Moun seksyon kominal Sen Jòj bezwen kote pou yo dòmi aprè pasaj tranbleman tè a

by admin

Sitwayen seksyon kominal Sen Jòj nan komin Sen Lwi di Sid nan gwo difikilte aprè pasaj tranbleman tè a.

Aprè pasaj tranbleman tè a jou ki te samdi 14 out 2021, seksyon kominal Sen Jòj ki twouve l nan komin Sen Lwi di Sid ap konfwote gwo difikilte sa ki mete moun yo nan anpil tèt chaje aprè 10 jou tranbleman an fin pase sou peyi a, kote se nan lari anpil ap dòmi.

Nan yon ti pale redaksyon jounal la te fè ak Janvier Jean Richard ki se youn nan reprezantan òganizasyon “Saint Georges Debout”, fè nou konnen jis kounya popilasyon an poko wè prezans Leta pase wè yo.

Anpil kay kraze nan seksyon kominal sa kote depi 14 out se nan lari moun yo ap dòmi. Nan sans sa, Janvier Jean Richard rete kwè ke se pa manje moun yo gen bezwen. “Nou bezwen tant ak prela, nou pa gen dlo. Nou gen pwoblèm dòmi ak timoun nou yo, granmoun aje yo”, selon sa l di.

Responsab òganizasyon lokal “Saint Georges Debout” a mande konkou Leta pou ta vin fè kan pou moun yo, ki t ap fè sitwayen yo kontan anpil paske lapli ap mouye yo nan lari a

N ap raple w anpil kote nan Gran Sid la ki trè rekile moun yo aprè 10 jou toujou bezwen konkou moun pou vin ede yo paske kay yo kraze, yo nan lari, se rezon yo toujou ap voye SOS pou vin ede yo. Akoz yo sanse prèske bliye yo, genyen ki livre yo a repare kay yo pou kont yo, genyen tou ki reziyen yo rete bò lari ap tann èd otorite oubyen kèk patikilye.

Dekouvri plis:

23 août 1791: révolte des esclaves de Saint-Domingue



Source link

Related Articles

Leave a Comment