Home Haiti News Direksyon Jeneral PNH la bay yon delè 15 jou ak polisye ki pa nan pòs yo depi 3 mwa pou remèt materyèl yo

Direksyon Jeneral PNH la bay yon delè 15 jou ak polisye ki pa nan pòs yo depi 3 mwa pou remèt materyèl yo

by admin

Direksyon Jeneral PNH la bay yon delè 15 jou ak polisye ki pa nan pòs yo depi twa mwa pou pi piti ki deplase ak materyèl enstitisyon an pou pote yo vini.

Nan yon nòt avètisman, Direksyon Jeneral Polis Nasyonalla mande ak tout polisye ki pa gen konje etid, ki pa nan pòs depi 3 mwa pou pi piti epi ki deplase san yo pa remèt materyèl enstitisyon an pou yo pote yo vini.

Nan sans sa, enstitisyon lapolis la bay yon delè 15 jou ak kategori polisye sa yo pou pote tounen oubyen retounen materyèl sa yo bay sèvis lojistik lapolis la.

Anndan nòt sa, enstitisyon PNH la pa t lonmen ki tip materyèl ki nan males polisye sa yo.

Nòt la te kontinye pou di aprè delè sa fin pase Direksyon Jeneral polis la ap twouve li nan obligasyon pou pibliye non ak lòt enfòmasyon sou moun ki konsène a.

Nòt la ale pi lwen pou avèti gen pouswit jidisyè ok ap tanmen tou kont polisye sa yo.

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce vendredi 20 Août 2021



Source link

Related Articles

Leave a Comment